Cifra Club

Nan Fon Lannuit (feat. Mawon Ann Di & Vanessa Jeudi)

K-Lib Mapou

Ainda não temos a cifra desta música.

Sèk la fèmen
Wout nou bare
N ap mache dwat men
Se nan falèz nou prale
Limyè n tenyen
San n ap koule
Nan fon lannuit nou reveye
Nou wè pòtre n ap efase
N paka kenbe
Fò nou kanpe
Rele pou vwa nou pran dife
Pou eskòt nou yo avanse

Chagren nouris tout lari
L ap nouri kanivo gran ri
L ap kouri plasenntal pouri
Lèt kaye boujon l pa grandi
Nan bavèt leyèt ki nan malèt pliye
Byennèt tounen mal èt kriye

Yo pa kenbe do l
Je l ouvè l kase lezo
L ap pran kout sizo
Pye ouvè l pa sere dlo l
Gwo douz anba blouz degize pou ka blo pita l
Yo ki ba l kout zegui malman sou tab lopital ki kal

San souri l ap griyen dan koz sezisman li pa konprann
San sou li l ap pase men kout bistouri fè wout anndan l
Lage l gran chimen sou tèt li yon twòkèt twèl fèt
Sou wèl kèt nan tèt li s on bèl bebe k fèk fèt

Pou dèt kalkil ak ris pa bezwen kalkilatris
Jis konte chak sikatris konstate ki jan ka l tris
Chak nòt nan mizik li revele chak kou l pran
Twouble nan fon nuit lari rele sekou l pran

Ouh
10 lane wout la bout
Lanmò bare n nan chak kalfou

Nan kè se plenn Tribinal Bawon chaje plent
Lè se pa bal bandi legal, mizè ak lafen k ap fè fen n
Nou fennen, n fini, Y ap founi je gade n nan lapenn
Lavi ap bay fent nan fon nan nwit zonbi an chat pent

Sechrès, dlo je k pou wouze flè yo pa ase pou sèkèy
Vil yo sonm kou tonm se dèy, solèy nan somèy
Nekropolitisyen Biopouvwa ap siyen akò
Ak machann lanmò, se atò nanm ap separe ak kò

Aprè tranbleman lavi nan dezè leve kanaan
Moyiz pa t antre, li fè n travèse yon lamè wouj ak san
Kidnaping lespwa lavi fè jenès re ekri egzòd
Tchovi k nan jenèz yo konn apokalips avan dezòd

Y ap boule kòb 14 timoun nan Olokòs
Pratik Boulòs. Kòb Petwo dwòg nan ponp ap pran kloròks
N ap fè lanmou ak lanmò je klè depi plis ke 10 zan
Yon sistèm manje pwòp prezidan l, sèl lajan patizan l

Outros vídeos desta música
    0 exibições

    Afinação da cifra

    Afinador online

    Dê sua opinião

    O que você acha desta tela e suas ferramentas? 🤔

    Participar da pesquisa

    0 comentários

    Ver todos os comentários

    Evolua na música em diferentes instrumentos

    Mais de 15 cursos com aulas exclusivas, materiais didáticos e exercícios por R$49,90/mês.

    Começar a aprender

    Entre para o Cifra Club PRO

    Tenha acesso a benefícios exclusivos no App e no Site

    • Chega de anúncios

    • Mais recursos no app do Afinador

    • Atendimento Prioritário

    • Aumente seu limite de lista

    • Ajude a produzir mais conteúdo

    {{ t._('internal-error:title' ) }}
    Vish! Alguém pegou todas as nossas palhetas! Nossa equipe de gnomos está resolvendo o caso!

    Enquanto isso, fique por dentro das novidades!

    Facebook CifraClub
    {{ t._('internal-error:title' ) }}
    Vish! Alguém pegou todas as nossas palhetas! Nossa equipe de gnomos está resolvendo o caso!

    Enquanto isso, fique por dentro das novidades!

    Facebook CifraClub
    Ops (: Contenido disponible sólo en portugués.
    OK
    {{ t._('internal-error:title' ) }}
    Vish! Alguém pegou todas as nossas palhetas! Nossa equipe de gnomos está resolvendo o caso!

    Enquanto isso, fique por dentro das novidades!

    Facebook CifraClub