Cifra Club

Lanmou Nan Lapèn (feat. Wid)

K-Lib Mapou

Ainda não temos a cifra desta música.

Souri sou figi nou s on senp detay
Si lanmou pa sifi, m pa wè sa m te dwe bay
M viv avè w pandan n ap soufri anndan an
M renmen w vrèman, men m wè vi m anvan an

Lè m fenk rankontre w pwomès yo te si bèl
(Malgre m pa t fidèl)
Batman kè m ak vwa w te zewo desibèl
(M Chante k on w toutrèl)
Tèt mwen di m non, kè m di m wi, lavi avè w s on kansè
(Lanmou sa a ka touye m)
Rezon, pasyon, emosyon nan zantray mwen ap jwe konsè

Je m tonbe nan je w
Depi lè n fenk kòmanse, m konnen l t ap di pou m kite w
Lè n fenk demare, lavi te konseye m evite w
Ofinal se ou ki rete ak entegrite w
(Malgre danje)
Volonte k te fè n plonje
Gen lanmou k mande konje
N oblije vin etranje, menm lè santiman yo p ap chanje

Nou kite n tounen, nou tounen n kite koz m alèji ak dikte
(Baby boo!)
Pou tèlman w kite m konnen w konnen m pa ka kite w m adikte
F on jounen nan fant janm ou, epi aswè m ap mouri grangou
Nou vin rive nan yon kafou lanmou fè m fou rezon m kagou

Ou te solèy lè lide m te tou nwa
Konnen w se pa m, san kouwòn mwen s on wa
Dousè w pote nan lavi m kite m san vwa
Malgre rèv ak pwojè w ret nan tiwa
M dekontwole depi m tande w sonnen
M pran swen kè w, kò w kòm si se te mwen
Ou se pi bèl kreyasyon lemond konnen
Ekilib mwen se ou tan an sèvi m temwen

Avè w s on efè konfeti
M ap goumen ak tèt mwen m nan yon konfizyon
M ap mande si avè w, m g on fiti
Si pou pwojè m, ou gen pwovizyon
Ou konnen nan ki peyi m soti
Deplasman m fèt pou gwo vizyon
Menm si w kou on po konfiti
Finalman m dwe pran desizyon

(M Mande sa m ap fè la!)
N ap viv yon lanmou nan lagè
(M Mande sa m ap fè la!)
M konnen m pa sèl kòk nan gagè w
M fè yon chwa k satisfè ego m, men ki kraze kè m
Soufrans nan egal ego, menm si m konnen m fè w pè m

Se ou k amoni mwen ak linivè
San melodi w, vi m alanvè
S on Lanmou nan lapenn
Men san li, mwen pa lwen
Pou m voye wòch nan lanmè
M santi dousè lanmou w nan tout sa m manyen
Madanm oubyen fanm deyò tit pa di m anyen

Outros vídeos desta música
    0 exibições

    Afinação da cifra

    Afinador online

    Dê sua opinião

    O que você acha desta tela e suas ferramentas? 🤔

    Participar da pesquisa

    0 comentários

    Ver todos os comentários

    Evolua na música em diferentes instrumentos

    Mais de 15 cursos com aulas exclusivas, materiais didáticos e exercícios por R$49,90/mês.

    Começar a aprender

    Entre para o Cifra Club PRO

    Tenha acesso a benefícios exclusivos no App e no Site

    • Chega de anúncios

    • Mais recursos no app do Afinador

    • Atendimento Prioritário

    • Aumente seu limite de lista

    • Ajude a produzir mais conteúdo

    Cifra Club PRO

    Aproveite o Cifra Club com benefícios exclusivos e sem anúncios
    Cifra Club PRO
    Aproveite o Cifra Club com benefícios exclusivos e sem anúncios
    Ops (: Contenido disponible sólo en portugués.
    OK