Cifra Club

Oupila

Dadou Pasquet

Ainda não temos a cifra desta música.

Cheri, lè n te kite kè m te tèlman blese m te vle fè w mechanste
Kou on vwatu dezanbriye tan ape pase mwen pa ka bliye w
Konen se le pase men m toujou ap mande pouki sa pat mache
Ou fèm soufri lontan, a chak fwa mwen pale w toujou di m se pa vre

Chak fwa ke m rankontre w, m fè kòmsi m pa bezwen w
Menm si ou wè mwen pap kriye, andedan kè m ap dechire
Chak fwa ke m rankontre w, m fè kòmsi m pa renmen w
Menm si ou wè mwen pap kriye, andedan kè m ap dechire

Pou jan nou te renmen pèsòn pa ta panse ke yon jou n ta kite
Men lè sa pa mache pa gen de solisyon n oblije separe
M swete yon jou ou twouve yon lòt gason k renmenw e ki pap janm kite w
Cheri, pa janm bliye menm si n pa viv a de mwen vle w toujou heureuse

Chak fwa ke m rankontre w, m fè kòmsi m pa bezwen w
Menm si ou wè mwen pap kriye, andedan kè m ap dechire
Chak fwa ke m rankontre w, m fè kòmsi m pa renmen w
Menm si ou wè mwen pap kriye, andedan kè m ap dechire

Nou chak fè yon chemen
Pou soufrans nou pa retounen
Santi kè m vin febli
E lanmou pa frape piti
Nou chak fè yon chemen
Pou soufrans nou pa retounen
Santi kè m vin febli
E lanmou pa frape piti

Byen ke m twouve yon lòt, doudou, e panse a ou tou lè jou
Lè konsa m santi mwen dekontwole mwen santi m debousole
Wi se ou, se ou ki toujou gide mwen
Li pran mwen tan pou m reyalize l e m pa ka efase l

Nou chak fè yon chemen
Pou soufrans nou pa retounen
Santi kè m vin febli
E lanmou pa frape piti
Nou chak fè yon chemen
Pou soufrans nou pa retounen
Santi kè m vin febli
E lanmou pa frape piti

Wap padone si m di w, cheri, lanmou m pou ou pap janm fini
Tèlman m gen souvni, m pa ka bliye w, m pa ka bliye w
Franchman m ta renmen wè w ankò, menm si nou ta fè ti chita pale
Doudou, m ta santi mwen soulaje

Nou chak fè yon chemen
Pou soufrans nou pa retounen
Santi kè m vin febli
E lanmou pa frape piti
Nou chak fè yon chemen
Pou soufrans nou pa retounen
Santi kè m vin febli
E lanmou pa frape piti

Outros vídeos desta música
    1 exibições

    Afinação da cifra

    Afinador online

    0 comentários

    Ver todos os comentários

    Evolua na música em diferentes instrumentos

    Mais de 15 cursos com aulas exclusivas, materiais didáticos e exercícios por R$49,90/mês.

    Começar a aprender

    Entre para o Cifra Club PRO

    Tenha acesso a benefícios exclusivos no App e no Site

    • Chega de anúncios

    • Mais recursos no app do Afinador

    • Atendimento Prioritário

    • Aumente seu limite de lista

    • Ajude a produzir mais conteúdo

    Cifra Club PRO

    Aproveite o Cifra Club com benefícios exclusivos e sem anúncios
    Cifra Club PRO
    Aproveite o Cifra Club com benefícios exclusivos e sem anúncios
    Ops (: Contenido disponible sólo en portugués.
    OK