Cifra Club

Stannbay

Malada

Ainda não temos a cifra desta música.

Deja m sou stannbay
Kidonk m pa vin pale de siksè
M gen punchline
Men sa k pi rèd yo
Se sa k pale de mizè
Melankolik m g on son m bay
San m pa pase m nan miksè
San fè eksprè m f on eksè d zèl nan yon senp esè
M viv lib ak on may gran lakou
Pa gen sa m vle m pa ka dou w
M viv ak sa m dwe
M vle w respekte m
Pou sa m aji byen ak ou
M gen plim e karyè m pa ka bout
Flo m yo vin tou patapouf
M fon rap bosal
On bèl dozaj (hey!)
Nou nan kay la fout!
90's tipik
M fè sa pou hip hop mizik
Li fè doulè m fè w sekwe tèt ou
Jwe nan tèt ou m s on sinik
Ladan l nèg ap mete presyon
Pandan m ap remete an kesyon
M ap gad atis k ap mete may
Pifò nan yo pral nan eleksyon
Annd on peyi k fin kraze nèt
Kounya k pouri k ap kale bèt
Dola a fin kraze lestomak nou n ap viv pou n ka peye dèt
Menm lè sou kèk nou
Pase trè
Pi devan nou pral f on prè
E n prè pou n rete avèk
Sèl sè n frè n yo tou prè
Gen lòt k ap vini sa w ko wè
Dayè n lakay nou yo k pou pè

Ki kote nou prale
Ki pawòl n ap pale
Nou k di n pa sou ranpe
Di m sou ki bit nou kanpe
Nou sou stannbay
Stannbay

Pafwa m kache sikatris
Pou m jeron aparans
M p ap menn on vi atis m jis ap kreye kèk anbyans
Isiba l pa fasil tan m bay legen m tant on chans
Deja atenn nou difisil
Menm lè ap fè rap ak bon sans
Chak jou
Moute desann
Lavi pelerinaj
Libète m ak bout tè
Sèlman kòm eritaj
N ap respire nou espere
Se sa k kenbe n
Nou pran kouraj
M p ap CD m deside
M p ap mouri man tankou lach
Lannwit bay bon konsèy pafwa m tande l di m kontinye
W nan blakawout men w nan bon wout man
Pa bliye
S ayiti w ye
Mete may
Revandike dwa w
Poutan y ap plis fizye w
M pran lari ak ti sèkèy
Pou si jou m ta rive

Outros vídeos desta música
    0 exibições

    Afinação da cifra

    Afinador online

    0 comentários

    Ver todos os comentários

    Evolua na música em diferentes instrumentos

    Mais de 15 cursos com aulas exclusivas, materiais didáticos e exercícios por R$49,90/mês.

    Começar a aprender

    Entre para o Cifra Club PRO

    Tenha acesso a benefícios exclusivos no App e no Site

    • Chega de anúncios

    • Mais recursos no app do Afinador

    • Atendimento Prioritário

    • Aumente seu limite de lista

    • Ajude a produzir mais conteúdo

    Cifra Club PRO

    Aproveite o Cifra Club com benefícios exclusivos e sem anúncios
    Cifra Club PRO
    Aproveite o Cifra Club com benefícios exclusivos e sem anúncios
    Ops (: Contenido disponible sólo en portugués.
    OK