Cifra Club

Mal

Mizik Mizik

Ainda não temos a cifra desta música.

Eske nou kapab pale, kou 2 moun te ka pale
San ke ni mwen ni ou pa pè tonbe
Lè kagoul la pa maske ou, revolvè a pa nan men ou
Si w pa wè ni mwen ni ou sanble?
Lè gran bòs la kòmande moun pou al egzekite
Eske bon lanj ou pa tranble?
Wape snife malpwopte pou fòse realite
San ou pa sonje demen se yon frè w ki ka tonbe

Si pèson pa janm pale paske yo pè di verite
Yo panse ou ka kraze, brize
Si pèson pa janm pale paske yo pè di verite
Ou du mwens yo toleran

Wap fete ak zanmi ou ranson fin separe kou an realize
Fanmi viktim ap kryie, tout moun se dlo nan je
La vi gen yon pri ke pèson sou la tè pap jan ka fin peye
Ou kon kouri, ou pa kon kache, wi devan bondye

Si pèson pa janm pale paske yo pè di verite
Si pèson pa janm pale paske yo pè di verite

Li lè li tan pou ou panse
Ke nan la vi sa tou sa ou fè se li men ke ou wè
Lè ou fin touye fò ou prepare ou pou ou krye
œse la loi de la nature zanmi, hahaha

Kote ou banm kou a fèm mal, ou kraze zanmi mwen
Kote ou banm kou a fèm mal, ou detwi manman mwen
Kote ou banm kou a fèm mal, ou fan fwa papa mwen
Kote ou banm kou a fèm mal

Nan chak fanmi gen yon poto mitan
Depi ou frape l se kay la ou vide
Se avni peyi a ou likide
Eske ou ka responsab yon zak konsa

Kote ou banm kou a fèm mal, nou van tout sa n genyen
Kote ou banm kou a fèm mal, tout fanmi m yo vin pòv
Kote ou banm kou a fèm mal, menm timoun pa epanye
Kote ou banm kou a fèm mal

Sa ta fè m mal si m wè ou tonbe
Sa ou seme se li ou rekolte
Si ou pa tande m, si ou pa koute m, an verite
Mwen wè se sak ka rive
Sa ta fè m mal si m wè ou tonbe
Sa ou seme se li ou rekolte
Si ou pa tande m, si ou pa koute m, an verite
Mwen wè se sak ka rive

Yo pwal di m te wè sa pou ou
Mwen pap kite kou sa pou ou
Yo pwal di m te wè sa pou ou
Mwen pap kite kou sa pou ou

Outros vídeos desta música
    0 exibições

    Afinação da cifra

    Afinador online

    0 comentários

    Ver todos os comentários

    Evolua na música em diferentes instrumentos

    Mais de 15 cursos com aulas exclusivas, materiais didáticos e exercícios por R$49,90/mês.

    Começar a aprender

    Entre para o Cifra Club PRO

    Tenha acesso a benefícios exclusivos no App e no Site

    • Chega de anúncios

    • Mais recursos no app do Afinador

    • Atendimento Prioritário

    • Aumente seu limite de lista

    • Ajude a produzir mais conteúdo

    Cifra Club PRO

    Aproveite o Cifra Club com benefícios exclusivos e sem anúncios
    Cifra Club PRO
    Aproveite o Cifra Club com benefícios exclusivos e sem anúncios
    Ops (: Contenido disponible sólo en portugués.
    OK