Cifra Club

Dlo Dous

Zafèm

Ainda não temos a cifra desta música.

Toutan l pa ka yon sèl pozisyon
Chak jou se pa menm sansasyon
Nou ka fè dezòd tankou vyole lalwa
An nou vire kay la
Ann mete l tèt anba

Menm si vwazen yan ta rele polis
Nou pap okipe l menm si l frape kraze pòt kay la
Cheri fè bri lage kò w
Moman sa seremonyèl
Kò n ak kè n resi fè yon sèl

Kenbe la rete pa bouje
Tout kò m se dlo dous
Pa vire bò
Pa gade gon w myèl k ap koule
Bagay bèl nan men nou
A l'instant

Mwen tèlman kontan wè reyaksyon w
M pèdi nan gade ekspresyon w
Sanble w sou genlè w bwè w vè zo devan
Pou vin mete m devan
Se pa moun sa mwen te konnen avan

Doudou ann kontinye met plis epis
Pa woule lang ou si w anvi di m kèk betiz
Cheri fè bri lage kò w
Moman sa seremonyèl
Kò n ak kè n resi fè yon sèl

Kenbe la rete pa bouje
Tout kò m se dlo dous
Pa vire bò
Pa gade gon w myèl k ap koule
Bagay bèl nan men nou
A l'instant

Sa w gen nan lonbrik la
Ou gon w ti siy bò kwis la
Kite m dekouvri krèch la
Pou m tranpe mèch la
E Miwata Miwata

Sa w gen nan zòrèy sa
Kite menm kote l ye a
M ap rantre nan jaden an la
M al mare bèt la
E Mikanou Miwata

Sa w gen nan rèl do la
Gon w ti mak dèyè tèt la
Ou ka vire bò vire kò w vire dada w
Pou m ka monte montay la
Kite m gade vale a
Cheri men banmbata ouvè wout la
Ou ka vire bò vire kò w vire dada w

E laaaa

Kenbe la rete pa bouje
Tout kò m se dlo dous
Pa vire bò
Pa gade gon w myèl k ap koule
Bagay bèl nan men nou
A l'instant

Si w ta vle souri nan lòt Chanm nan
Konnen m ap tann ou nan kuizin nan
Cheri w deja la ou pa kapab kache
A l'instant

Outros vídeos desta música
    5 exibições

    Afinação da cifra

    Afinador online

    0 comentários

    Ver todos os comentários

    Evolua na música em diferentes instrumentos

    Mais de 15 cursos com aulas exclusivas, materiais didáticos e exercícios por R$49,90/mês.

    Começar a aprender

    Entre para o Cifra Club PRO

    Tenha acesso a benefícios exclusivos no App e no Site

    • Chega de anúncios

    • Mais recursos no app do Afinador

    • Atendimento Prioritário

    • Aumente seu limite de lista

    • Ajude a produzir mais conteúdo

    Cifra Club PRO

    Aproveite o Cifra Club com benefícios exclusivos e sem anúncios
    Cifra Club PRO
    Aproveite o Cifra Club com benefícios exclusivos e sem anúncios
    Ops (: Contenido disponible sólo en portugués.
    OK