M s on w lotri k nan latrin
K on w latriye nan lapli m ap griye
Yo lapide lavi m
Layite sou lavni m ap kriye
M koupab m e m viktim M pa konn Ki konba m ap livre
Listwa m sou figi m, men si w pa moun ou pap ka li l vre
M an Mal atansyon
M ap viv mal ak tansyon
San eksitasyon, pou bonè m s on w eksepsyon
Kò m tounen prizon m
Presyon ak desepsyon
Poze egzistans Kesyon
M pa ka gad refleksyon m
Rèv mwen ap tatonnen
E m pa fenk tanmen boujonnen
Lide nan tèt mwen makonnen
Sa mwen plante pa janm donnen
Dè fwa gran jounen, mande m kote m ye m pa konnen
Pa vi n kraponnen m
Pou mwen lespwa s on w pawòl
Doulè se mwen ki gen Monopòl
14 zan lekòl se kay tòl
E solidarite sou pewòl
Se pa tout blese tan geri
Pa m yo l pa sispann agrave
M ap souri pandan m ap peri
Desten pa m se nan wòch li grave
M ap viv nan yon paralèl inivè
M pa anvi wè ni moun ni limyè
Nan rèv mwen m anvi al pase
Letènite m
Paske reyalite m s on w lanfè
Nan mitan solèy n ap chache syèl
Lanfè nou gen koulè ke Lakansyèl
Yon lanp tenyen sou avni m di m Lamizè pa kabann
M kwaze lepe ak lanmò chak jou sou wout mwen kadav se po kann
Nan wout lanfè m ap chache lavi
M pèdi lafwa nan chimen lakwa
Lespwa m pa lavil, m pati chache l anba rak bwa
Yo fòse m janbe dlo, bwote m anpile m kou fatra anba pon
Anba po m gen san nèg mawon, m sove men m pa kapon (Non!)
Non m, koulè po m, istwa m te toujou senbòl rezistans
Distans ak tan se rans nan batay pou egzistans
Tankou dlo, lavi pi gou nan bouch sa k pa genyen
Se je w ki louvri chak fwa yon pòt fèmen
Chak klète s on w lòt jou, Nou grandi anba tray
Pa gen pi fon toujou, pito n mouri pandan n ap batay
O que você acha desta tela e suas ferramentas? 🤔
Participar da pesquisaMais de 15 cursos com aulas exclusivas, materiais didáticos e exercícios por R$49,90/mês.
Tenha acesso a benefícios exclusivos no App e no Site
Chega de anúncios
Mais recursos no app do Afinador
Atendimento Prioritário
Aumente seu limite de lista
Ajude a produzir mais conteúdo
Enquanto isso, fique por dentro das novidades!
Facebook CifraClubEnquanto isso, fique por dentro das novidades!
Facebook CifraClubEnquanto isso, fique por dentro das novidades!
Facebook CifraClubEnquanto isso, fique por dentro das novidades!
Facebook CifraClub