Cifra Club

Mizik Sa

Klass

Ainda não temos a cifra desta música.

Pa jwe mizik sa
Chak fwa m'tande’l m’santi’m blese
Se li’k premye danse
Nan premye ti bal nou t’ale

Pa jwe mizik sa
Se tankou yon kout kouto anba kè
Lavi’m gon gou anmè
San ou mwen santi tout doulè

Men ou met jwe mizik sa
Men bwat vokal la pa chanje
Se vwa nou toulede
Kap di kite mesaj souple
Cheri m pap janm pare
Pou mwen bliye jan nou te ye

Pa jwe mizik sa
Nou te tankou de timoun fou
Kit diab kit lougarou
Nou pat pè telman n’te damou

Pa jwe mizik sa
Yo diw paka gen de manman
Men cheri gen des moman
Pou mwen ou te plis ke yon manman

Men ou met jwe mizik sa
Youn nan bel souvni mwen gen de ou
Le ciel fè nou yon kou
Mwen pediw nan goudougoudou
Mpa kwe map janm pare
Pou mwen bliye jan nou te ye
Ooooh! Yalala lalala lalala!
Heyyyyy!

Gade nan kè'm wa va wè!

Epi nou tres KLASS!
Tribulasyon mwen!

Malè pa janm anonse
Prekosyon pap janm ase
Lè se destin ki deside
Veux, veux-pas, fo w reziyen w

Pa janm fè rezèv lanmou
Lèn gen yon moun nan vi nou
Ti mizik sa se pou nou
Mesaj la ka sèvi nou

Mpa vle wè moun kriye
Se lavi’l map celebre
Pito m’wè nap danse
Se sa ka soulaje’m
Olye n plede di nap gentan
Pou’n eksprime lanmou
Pito’n pwofite chak moman
Lavi a ofri nou
Se konsèy sa mkap ba nou

Malè pa janm anonse
Prekosyon pap janm ase
Lè se destin ki deside
Veux, veux-pas, fo w reziyen w

Pa janm fè rezèv lanmou
Lèn gen yon moun nan vi nou
Ti mizik sa se pou nou
Mesaj la ka sèvi nou

Mpa vle wè moun kriye
Se lavi’l map celebre
Pito m’wè nap danse
Se sa ka soulaje mwen
Olye n plede di nap gentan
Pou’n eksprime lanmou
Pito’n pwofite chak moman
Lavi sa ofri nou
Se konsèyyyy!
Woy!

Gade nan kè'm wa va wè!
Gade nan kè'm wa va wè!

Cheri m sonje w!
Klass it is baby! Yes it baby!

Outros vídeos desta música
    3 exibições

    Afinação da cifra

    Afinador online

    0 comentários

    Ver todos os comentários

    Evolua na música em diferentes instrumentos

    Mais de 15 cursos com aulas exclusivas, materiais didáticos e exercícios por R$49,90/mês.

    Começar a aprender

    Entre para o Cifra Club PRO

    Tenha acesso a benefícios exclusivos no App e no Site

    • Chega de anúncios

    • Mais recursos no app do Afinador

    • Atendimento Prioritário

    • Aumente seu limite de lista

    • Ajude a produzir mais conteúdo

    Cifra Club PRO

    Aproveite o Cifra Club com benefícios exclusivos e sem anúncios
    Cifra Club PRO
    Aproveite o Cifra Club com benefícios exclusivos e sem anúncios
    Ops (: Contenido disponible sólo en portugués.
    OK