Cifra Club

Koulwa Lanmò (feat. D-Fi Powèt Revòlte)

Tafa Mi-Soleil

Ainda não temos a cifra desta música.

Hmmm
Ale moun yo ale
Men se pa Bondye ki rele yo
2 bra pandye nan on lopital
Yo domi leve ak lanmò adjee

Yo di m lopital jeneral se la map jwenn bon doktè san lajan
M tou mache ak gan m, se premye preskripsyon y ap ban m
M ateri kot yon ti malez ka pwovoke gwo dram
Se lè kanaval yo bay dra
Donk m tou mache ak dra m
Pa gen materyèl sa koz moun mouri san dyagnostik
Medsen sèvis pa vin travay yo pito jere klinik yo
Lopital inivèsitè lage sou kont rezidan
Livre a li menm, m kwaze yon pasyan k ap mande si peyi a gen prezidan
Minis sante siyen kontra ak mò pèsonèl pa ka touche
Pa gen kouran se nan flach telefòn moun ap akouche
M vin konprann pou mouri nou pa
Janm twò jenn
Nan chanm lotbò a on bebe 8 mwa ap trepase pa gen oksijèn
Pa gen skanè, nan prive li tèt nèg
Manzè mouri sou wout pou yo transfere
Gwo lopital la pa t ka fè ekografi kè
Se moun leta touye pa di m depi w mouri w antò
Depi w antre la w g on pye w nan Koulwa Lanmò

Tonbe moun yo tonbe
Men se pa Bondye ki rele yo
2 bra pandye nan on lopital
Yo domi leve ak lanmò adjee

Pa gen kabann pandan tout san nan kò l ap vide
Pa gen medsen pou pran swen l yo tout te oblije migre
Mizè ap vale teren swa siviv tijèn bay repiyans
Medsen lage nan rakèt medikal oubyen soutretans
Pou soti tèt yo y ap goumen
Tcheke on ti djòb nan ONG
Sak jwenn bous ale yo di nan lanfè a yo p ap tounen
San konte trafik seksyèl
Fanmi an prè a tou pou malad li pa mouri
Slogan: Lè w gen bèl PM ou pa soufri
Menm lopital la gen gang li
Manzè mouri
Kèk minit aprè, timoun nan mouri anndan vant li
Ou mèt a latik de la mò depi w pa gen kach yo pa p ap resevwa w nan prive
Se lè sa m ap mande tèt mwen eske lavi pa gen pri vre
Se deja 3 lopital m pase san swen
Sa k pa gen kabann, pandan papa m la ap trepase nan men m
Sa se moun leta touye pa di m depi w mouri w antò
Depi w antre nan lopital isit ou g on pye w nan Koulwa Lanmò

Tonbe moun yo tonbe
Men se pa Bondye ki rele yo
2 bra pandye nan on lopital
Yo menm tete lang ak lanmò adjee
Adjeee
Adjeee
Adjeee
Adjeee

Outros vídeos desta música
    0 exibições

    Afinação da cifra

    Afinador online

    Dê sua opinião

    O que você acha desta tela e suas ferramentas? 🤔

    Participar da pesquisa

    0 comentários

    Ver todos os comentários

    Evolua na música em diferentes instrumentos

    Mais de 15 cursos com aulas exclusivas, materiais didáticos e exercícios por R$49,90/mês.

    Começar a aprender

    Entre para o Cifra Club PRO

    Tenha acesso a benefícios exclusivos no App e no Site

    • Chega de anúncios

    • Mais recursos no app do Afinador

    • Atendimento Prioritário

    • Aumente seu limite de lista

    • Ajude a produzir mais conteúdo

    Cifra Club PRO

    Aproveite o Cifra Club com benefícios exclusivos e sem anúncios
    Cifra Club PRO
    Aproveite o Cifra Club com benefícios exclusivos e sem anúncios
    Ops (: Contenido disponible sólo en portugués.
    OK
    {{ t._('internal-error:title' ) }}
    Vish! Alguém pegou todas as nossas palhetas! Nossa equipe de gnomos está resolvendo o caso!

    Enquanto isso, fique por dentro das novidades!

    Facebook CifraClub
    {{ t._('internal-error:title' ) }}
    Vish! Alguém pegou todas as nossas palhetas! Nossa equipe de gnomos está resolvendo o caso!

    Enquanto isso, fique por dentro das novidades!

    Facebook CifraClub
    {{ t._('internal-error:title' ) }}
    Vish! Alguém pegou todas as nossas palhetas! Nossa equipe de gnomos está resolvendo o caso!

    Enquanto isso, fique por dentro das novidades!

    Facebook CifraClub
    {{ t._('internal-error:title' ) }}
    Vish! Alguém pegou todas as nossas palhetas! Nossa equipe de gnomos está resolvendo o caso!

    Enquanto isso, fique por dentro das novidades!

    Facebook CifraClub