Cifra Club

Separasyon

K-Lib Mapou

Ainda não temos a cifra desta música.

M kite peyi m ak gro chagren
Pouse bourik mwen pou byen lwen
Se pat sa m te swete
Petèt se kout volan desten
Isit frè mwen
Lavi moun pa anyen
Tèt libète a fann an de
Antòtche nan pèlen
Mpa konn si map tounen
Goumen grenn plen nan klandesten
Kite manmanm papam madanm ak timoun nan men
Tonton makout yo bay kè plen
Yasasinen moun Gran jounen
Yo diw nan politik
Se kominis ou kamoken
Yo detwi pou Plezi
Yo detwi San bezwen
Fò dimanch prefekti
Yo detwi pour un Rien
Moun pè nan kamyonèt
Ti bb sou bayonèt
Esak pi tris ti mèt
Chak 22 gonw mannigèt
Grennen bal sou Radio
Disparèt jounalis
Maspinen lapawòl
Peze kou lajistis
Reagan menm alepòk
Plen pòch milat ak Baby Doc
Mas pèp la pran nan blòf
Tout dwa de lòm se money talk

Ayiti kite Ayiti Ayiti pati
Politik pati politik pati

Kochma sou makout yo tou m wè ase
Men nou te pran pozisyon ret tòf tou pran kout bòt yo san jamè lase l
Jis van lespwa soufle
Avni peyan m trè elegan
M t ap monte yon masuife
Now mwen pral konnen Pè tande li nan eleksyon
Rès yo istwa, entretan vi pa nou debite
15 zan detid plen fakilte men demand djòb yo refize
Pou Krim zòn mwen vi n repite
Pa jou menm 2 yo egzekite
Vi kèk tèlman pèsekite
Vi chè presyon tou fè prese kite l
Prese kite l? Di m kijan mwen prale kite 4 dèyè?
Mwen naje vre pou m soti
Men mwen pa t rete kwè te gen yon lòt vag dèyè
E frap yo vi n pi grav
Pi mal kidnaping pran nesans
Yon kapital vyolans
Rat menm ap fè la chasse au compétence!
Diplome chomeko, ratpakaka menm nan tout bwat
Leta kès pran nan cho, nèg vès sou do yo, yo ki pi gro chat
Jistis menm nan koma
Depi lè ou konn ton Jean Dodo
Mwen ak ti pa m yo mwen fè let-ma m
Se chans nou pat peri sou dlo

An vrè elas!! Wè elas!!
Bèf la toufe si ou pa chimè
Bò tab la ou p ap jwenn plas

Kanmenm tout rèv yo pa t fi n nwaye
But rivyè lavalas lage nou sou lanmè nan mitan yon fon kanntè

Oura!

Mwen menm mwen lage
Sou tèt kale lè tole Petwokaribe
Lè bandi legal debake, lè degaje pa t peche
Lè se ou y ap rache si dèyè vòlè w rele bare
Pou sot Chili monte Meksik nou te 30 se 7 ki rive

An 2012 lè Lamòt, vin modèl Alamòd
Lè Onèt vle di pwan pòz, Lè Diplòm tounen radòt
M pwan rak bwa lè vann bèf pou moto te repons peyizan
On plan bannann pou n sot anba tant, lè dola monte tèt blan

Lè lang pi fò jounalis vin pi mal ke pla sandal
Altènativ nwaye nan san l depi nan plasenta l
Katye popilè pa gen dlo men zam yo pa san bal
Drapo nan dèyè lajenès pase an bastengal

Lè entèlektyèl modèn ak statiko nan kòkòday
Lè lekòl tounen disko, jenerasyon rabòday
Palè ak palman ret kraze men nèg ap bati kay
Kou inivèsite Leta ak Dezòm tounen zagribay

Outros vídeos desta música
    0 exibições

    Afinação da cifra

    Afinador online

    Dê sua opinião

    O que você acha desta tela e suas ferramentas? 🤔

    Participar da pesquisa

    0 comentários

    Ver todos os comentários

    Evolua na música em diferentes instrumentos

    Mais de 15 cursos com aulas exclusivas, materiais didáticos e exercícios por R$49,90/mês.

    Começar a aprender

    Entre para o Cifra Club PRO

    Tenha acesso a benefícios exclusivos no App e no Site

    • Chega de anúncios

    • Mais recursos no app do Afinador

    • Atendimento Prioritário

    • Aumente seu limite de lista

    • Ajude a produzir mais conteúdo

    {{ t._('internal-error:title' ) }}
    Vish! Alguém pegou todas as nossas palhetas! Nossa equipe de gnomos está resolvendo o caso!

    Enquanto isso, fique por dentro das novidades!

    Facebook CifraClub
    {{ t._('internal-error:title' ) }}
    Vish! Alguém pegou todas as nossas palhetas! Nossa equipe de gnomos está resolvendo o caso!

    Enquanto isso, fique por dentro das novidades!

    Facebook CifraClub
    Ops (: Contenido disponible sólo en portugués.
    OK