Cifra Club

Mo Kle (feat. Mado)

Malada

Ainda não temos a cifra desta música.

Kle pou ouvè pòt
Mo k antre nan lòt
Sa klè
M satiyèt ou
Tèk!!
Teke w nan kòt
Pèdi w
Rale w nan kòd
Redi w lage w ankò
Pou m ka touche nanm ou
M oblije pase nan kò w
M ekri pou m
Fonn nan tan an
E pou m flay nan van an
Sou kèk ond m ap kadanse pandansetan
Balanse son an
Pou m ka panse non an
Si w wè m leve ton an
Se pou m ka lanse plon an
Tankou defwa
M konn santi l s on devwa
Si g on bit ban m mete vwa
Ou p ap bezwen di m sa 2 fwa
M rap detay
Se konmsi flo yo debraye
Sou bit m ap voye fay
Se tankou m te tou deraye
M gaye m ap paye
Poze twòp m ap kaye
M ap gade m ap tate
Pou m jwenn yon pòt pou m rantre
M gen mo kòm kle
Nenpòt tou m rantre
Nenpòt klick nenpòt bit nenpòt MC m apre
M gen flo m rape
Si gen fot raple m

Lavi a toutouni rap pou m abiye l
Lespwa pèdi ekilib m jwenn mo pou m apiye l
Reyalite a tris mansonj yo makiye l
Reyalite g poutan s ak mo nou fabrike l
M gen mo k dou ki ka pwovoke pi gwo dram
Mo k lou ki peze milyon kilogram
Ou vle pil flow, rhymes
Just pase mikwo sa pou m krache kèk tankou s on melodi mozart
Rap mwen fè w souke tèt men anvrè li vize kè w
Nou ka abite lwen men pwezi fè m abite prè w
Efò n fè pou pote ba w yon flow ki fini
Pou n pot yon rap ki rafine yon pwodui k fèt e founi
Anfèt si w feel li fò w kwè m transmèt yon feeling
N ap met pasyans nan chèche mo jou k nou rale trip foumi

M pa t bezwen kenn aksè pou m rap
M te vle fè l avèk moun pa m
M anvi rantre nan kè nou chak
Avèk kèk mo m ka tou stab
On nouvo vi tou
N ka tou stat
S i wè m pral vit
Ou ka di m stap
Yo di nou fit
Nou ka f on pak
Kouran an ini nou l pa fè spak (ow!)
Vini isit pou filin
Founi n funny shit pou fini
Hip hop p ap gade sou figi n
Depi w di wi se ke w fil li
Yeah
Kèk kwen yo fè kwè
M bon men yo fèk wè m
S on bonm epi m fè l klè
S on don w p ap ka fè kwè m!

M ap ekri jouktan m fè eksè
Boule bit yo eksprè
Plede manche plim pou m fè rim la m s on ekspè
Yo w konnen se pa esè
A chak track se eksplwa
Ou renmen skills ou tease
A chak fwa se respè
Nou g on jan n poli mo yo swa
Si w gen foli pot yon pwa lou
Mete rap sa sou zepòl ou pou l tou kraze omoplat ou
Yo nou gen sekrè pou n pale pou n ta fè bawon ouvè pòt
Men la silans nan se mo kle a yow you better shut the fuck up

Outros vídeos desta música
    1 exibições

    Afinação da cifra

    Afinador online

    0 comentários

    Ver todos os comentários

    Evolua na música em diferentes instrumentos

    Mais de 15 cursos com aulas exclusivas, materiais didáticos e exercícios por R$49,90/mês.

    Começar a aprender

    Entre para o Cifra Club PRO

    Tenha acesso a benefícios exclusivos no App e no Site

    • Chega de anúncios

    • Mais recursos no app do Afinador

    • Atendimento Prioritário

    • Aumente seu limite de lista

    • Ajude a produzir mais conteúdo

    Cifra Club PRO

    Aproveite o Cifra Club com benefícios exclusivos e sem anúncios
    Cifra Club PRO
    Aproveite o Cifra Club com benefícios exclusivos e sem anúncios
    Ops (: Contenido disponible sólo en portugués.
    OK