Cifra Club

Solo Mio (feat. Gabel)

Master Brain

Ainda não temos a cifra desta música.

Demaske'w devan pòt mwen silvouplè
(deplase laa)
Kè'm demenaje, ou pa bezwen vinn wè'l ankò
Vizit ou pa pote plis ke regrè
Pènn avèk ènn lè'w fè'm fè erè
Demaske'w devan baryè'm silvouplè
M'pap fwenk ouvè, gade pou wè

Souple lanmou (souple)
M'pa gen plas pou ou
Lè'w finn fè'm damou
Ou toujou bat zèl ou
Se pase'w pase'w pa rete
(gade jodia lanmou)
Ou mèt frape ou pap rantre
Deyò, deyò nèt

Sispann sone telefònn mwen souple
(Anh, mete'm atè)
Antere nimero'm jouk anba tè souple
Zòrèy mwen gentan konnen'w kòm mantè
So'w pa bezwen vinn fè pyès kòmantè
Efase nimero mwen silvouplè
Wrong number, se sa ou fè

Souple lanmou (souple)
M'pa gen plas pou ou
Lè'w finn fè'm damou
Ou toujou bat zèl ou
Se pase'w pase'w pa rete
(ou pa janm rete oh)
Ou mèt frape ou pap rantre (jodia)
Deyò, deyò nèt

Sila ki jwenn moun yo, bravo pou yo
Sa pa deranje'm, mwen solo mio

Sila ki jwenn moun yo, bravo pou yo
Sa pa deranje'm, mwen solo mio

M'ap jere kè'm, m'ap jere kò'm
Solo mio, baw!

Chak lè'm finn ba'w kredi
Se mwen'k peye pou li
(Lanmou oh, souple oh)
Ay pito'm ret poukont mwen
Se chwa sa'k bon pou mwen eh
(Lanmou oh, souple oh)
Mete'm atè

Gad travay lanmou, oh
Ou funny lanmou
Ou finn mare fache avè'm
Nou pa zanmi lanmou
Kòm se sanwont san santiman
ki nan fanmi'w lanmou
Kounyea m'se machann
M'bezwen kliyan pou'm vann li lanmou
M'paka kriye anko, non
Lanmè zye'm seche
Kè'm demenaje'l pa la
Nan tèt mwen'l rete
Kounyea se kou pou kou
Lè yon moun di'm i love you
M'ap di'l that's cute, thank you
But I love me too
Eske'n te fèt ak moun
(Non, I'm sorry for you)
Eske nou pral ak moun
(Non, I'm sorry for you)
M'te fèt solo
M'ap mouri solo
Antere solo mio, baw!

Sila ki jwenn moun yo, bravo pou yo
Sa pa deranje'm, mwen solo mio

Sila ki jwenn moun yo, bravo pou yo
Sa pa deranje'm, mwen solo mio

M'ap jere kè'm, m'ap jere kò'm
Solo mio, baw!

Pito'm ret poukont mwen
Se chwa sa'k bon pou mwen eh
(Lanmou oh, souple oh)
Mete'm atè

Eske'n te fèt ak moun
(Non, I'm sorry for you)
Eske nou pral ak moun
(Non, I'm sorry for you)
M'te fèt solo
M'ap mouri solo
Antere solo mio, baw!

Souple lanmou (souple)
M'pa gen plas pou ou
Lè'w finn fè'm damou
Ou toujou bat zèl ou
Se pase'w pase'w pa rete
(ou pa janm rete oh)
Ou mèt frape ou pap rantre (jodia)
Deyò, deyò nèt

Outros vídeos desta música
    1 exibições

    Afinação da cifra

    Afinador online

    0 comentários

    Ver todos os comentários

    Evolua na música em diferentes instrumentos

    Mais de 15 cursos com aulas exclusivas, materiais didáticos e exercícios por R$49,90/mês.

    Começar a aprender

    Entre para o Cifra Club PRO

    Tenha acesso a benefícios exclusivos no App e no Site

    • Chega de anúncios

    • Mais recursos no app do Afinador

    • Atendimento Prioritário

    • Aumente seu limite de lista

    • Ajude a produzir mais conteúdo

    Cifra Club PRO

    Aproveite o Cifra Club com benefícios exclusivos e sem anúncios
    Cifra Club PRO
    Aproveite o Cifra Club com benefícios exclusivos e sem anúncios
    Ops (: Contenido disponible sólo en portugués.
    OK