Invictus
Pa vin di mwen ke ou ka leve w kite
Yon relasyon pou nenpòt stupidite
Pa vin di mwen ke li fasil pou rekòmanse
San menm eseye jwenn mwayen pou sa mache
Moun yo tèlman chanje
Lanmou tèlman chanje
Moun yo tèlman chanje
Gade byen
Gade lavi a byen
Di m si w gen chwa
Fè m wè w f'on chwa
Fanm pa bezwen gason
Gason pa bezwen fanm
Se tout vis k'ap devlope
On dirait tout moun deraye
Gade lavi a byen
Di m si w gen chwa
Fè m wè w f'on chwa
Gason kou fanm nan tout sa k pa bon
Youn twonpe lòt san rezon
Yon sosyete san moralite
Au nom de la modernité
Game sa a gen mèt
Li rele Kreyòl La
Welcome to the Champions League
Si yon nèg pral renmen nan semèn sa a, se nan triye w ye wi
Triye (fò w triye sè mwen)
Triye pou jwenn yon bon grenn
(Pou lanwi li fasil, pou lavi l' difisil)
Triye, triye pou jwenn yon bon grenn
(Fò w triyè frè mwen)
Triye triye pou jwenn yon bon grenn
Paske bon grenn yo deja gen mèt
Triye pou jwenn yon bon grenn
Eh, eh, Kreyòl La mande triye, eh, eh
Apache Nation, epis la bay manje a menm gou a wi
I told you
Viv a sa w genyen an, e
Rete a sa w genyen an, e, e
Si w ak yon moun ki renmen w
E ki chwazi respekte w
Pa pran defo l sou pretèks ke ou ka jwenn pi bon pase l
Lavi sa a tèlman pyeje ke chwa nou vrèman limite
Si w pral chache 'on menaj ki pa gen menaj
Yon timoun byen saj ki pap tounen on loraj, fò w triye
Triye (fò w triye sè mwen)
Triye pou jwenn yon bon grenn
(Jwenn yon bon pa fasil), Triye
(Fò k ou chèche anpil), Triye
Triye pou jwenn yon bon grenn
Triye (fò w triye frè mwen)
Triye pou jwenn yon bon grenn
Paske bon grenn yo deja gen mèt
Triye pou jwenn yon bon grenn
Apache Nation, prekosyon
Fò n triye wi la a
Eh, eh, Kreyòl la mande triye, eh, eh
Viv a sa w genyen an, e
Rete a sa w genyen an, eh, eh
A sa w genyen an
Mais de 15 cursos com aulas exclusivas, materiais didáticos e exercícios por R$49,90/mês.
Tenha acesso a benefícios exclusivos no App e no Site
Chega de anúncios
Mais recursos no app do Afinador
Atendimento Prioritário
Aumente seu limite de lista
Ajude a produzir mais conteúdo